MEFP – Mouvman Etidyan Finisan ak Pwofesyonèl

MEFP – Mouvman Etidyan Finisan ak Pwofesyonèl
Spread the love

MEFP – Mouvman Etidyan Finisan ak Pwofesyonèl salye ak anpil respè angajman fèm, kouraj ak sans responsablite
Monseigneur Pierre-André Dumas, Evèk Anse-à-Veau ak Miragoâne, pou wòl li kontinye jwe nan rechèch yon sòti pasifik, jis ak dirab pou kriz pwofon peyi Ayiti ap travèse a.

Nan yon kontèks nasyonal ki make pa enstabilite politik ak sosyal, angajman Monseigneur Pierre-André Dumas an favè dyalòg, lapè ak konsansis nasyonal reprezante yon apèl fò pou konsyans kolektif tout aktè peyi a. MEFP rekonèt tou dispozisyon Legliz Katolik la pou jwe yon wòl medyatè responsab nan kriz la.

Demach sa a vin pi enpòtan toujou lè nou pwoche dat 7 Fevriye k ap vini an, ki make fen manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), jan sa prevwa nan akò politik yo. Pou MEFP, peryòd sa a se yon moman desizif ki mande klate, responsabilite ak transparans, pou evite yon lòt kriz enstitisyonèl ki ta agrave plis soufrans pèp ayisyen an.

MEFP kwè fòk tranzisyon an pa vin yon sik san fen, men pito yon pasaj responsab ki prepare teren an pou retou sou lòd konstitisyonèl la, nan respè volonte pèp la ak prensip demokrasi yo.

Nan sans sa a, MEFP raple ke jèn yo, etidyan yo ak pwofesyonèl yo pa kapab rete sou kote. Yo dwe patisipe aktivman nan tout refleksyon ak desizyon ki gen rapò ak avni peyi a, paske se yo ki pi frape pa konsekans kriz la e se yo ki pote chay demen Ayiti a.

MEFP – Mouvman Etidyan Finisan ak Pwofesyonèl reafime angajman li pou kontinye travay, bò kote tout fòs viv peyi a, pou :
• defann enterè jenerasyon jèn yo,
• ankouraje dyalòg nasyonal responsab,
• epi kontribye nan bati yon Ayiti ki chita sou lapè, jistis, demokrasi ak souverènte nasyonal.

Pou MEFP – Mouvman Etidyan Finisan ak Pwofesyonèl

Angajman–Konsyans–Responsabilite

Woodjery DUPRE
duprewoodjery@gmail.com
Coordonnateur Général MEFP

Dudly ROYAL
Secrétaire Général

Me Marc Grégoire Jean
Responsable Juridique

Dynald Louis
Porte-Parole

Téléphone: +509 46660202
Adresse: #87 Rue Louverture Prolongée Pétion-Ville

radioverite4