NÒT KONDOLÈYANSMEFP – Mouvman Etidyan Finisan ak Pwofesyonèl
Se ak yon gwo doulè nan kè nou ke MEFP – Mouvman Etidyan Finisan ak Pwofesyonèl aprann nouvèl lanmò lejand mizik ayisyen an, Dieudonné Larose, ki kite nou jodi a.
Disparisyon atis sa a se yon pèt imans pou fanmi li, pou mond kiltirèl la, epi pou tout pèp ayisyen an. Dieudonné Larose se te plis pase yon mizisyen : li te yon lejand vivan, yon atis angaje, yon vwa ki te pote emosyon, istwa ak reyalite pèp ayisyen an atravè mizik li. Pakou li te make pa talan, disiplin ak lanmou san limit pou kilti ak idantite nasyonal nou.
Atravè kreyasyon li yo, Dieudonné Larose te kontribye anpil nan valorizasyon mizik ayisyen an, li te enspire plizyè jenerasyon jèn, etidyan ak pwofesyonèl, epi li kite dèyè li yon eritaj kiltirèl ki pap janm efase. Travay li, mesaj li ak melodi li yo pral kontinye viv nan memwa kolektif nou.
Nan moman douloure sa a, MEFP prezante senpati li ki pi pwofon ak tout fanmi Dieudonné Larose, zanmi li yo, kolaboratè li yo, ansanm ak tout moun ki frape pa pèt sa a. Nou pataje pèn nou ak nou, epi nou priye pou Bondye ban nou fòs ak kouraj pou n travèse moman difisil sa a.
Ke eritaj atistik Dieudonné Larose kontinye klere,
epi ke nanm lejand sa a repoze anpè.
Pou MEFP – Mouvman Etidyan Finisan ak Pwofesyonèl
Solidarite – Angajman – Diyite
Woodjery Dupré
duprewoodjery@gmail.com
Coordonnateur Général MEFP
